HT · FR · EN

CAIMO: Sèvis imobilye ann Ayiti

Dekouvri CAIMO: nap edew verifye papye tè, swiv konstriksyon kay ou epi jere pwopriyete ou ann Ayiti, menm lè w ap viv aletranje.

Kiyès nou ye ?

CAIMO: Byen ou ann Ayiti merite plis pase bèl pwomès.

Dèyè chak tè ou achte, chak kay ou bati, ak chak pwopriyete ou genyen, gen yon istwa, anpil sakrifis, ak yon rèv ou vle pwoteje.

Pou anpil Ayisyen k ap viv aletranje, achte yon tè oswa bati yon kay ann Ayiti se pa sèlman yon kesyon lajan.

Se rezilta plizyè ane travay di, ekonomi ak sakrifis.

Se rèv pou gen yon kay lakay, prepare retrèt ou, kenbe lyen ak peyi w, oswa kite yon eritaj pou pitit ou.

Men, pafwa, chemen ki mennen nan reyalizasyon rèv sa yo chaje ak difikilte.

Se pou ede moun fè fas ak difikilte sa yo CAIMO te pran nesans.

Istwa nou : Twa reyalite ki fè nou reflechi

Lide pou kreye CAIMO soti nan sitiyasyon nou te wè, kote anpil moun te fè gwo sakrifis pou envesti ann Ayiti, men yo pa t jwenn sipò pwofesyonèl yo te bezwen an.

Tè yo achte… epi yo pèdi.

Nou te wè manm dyaspora a depanse ekonomi plizyè ane pou achte tè yo te kwè ki te pou yo legalman.

Apre sa, gen ladan yo ki dekouvri pwoblèm nan papye tè yo, konfli eritaj oswa lòt moun k ap reklame menm pwopriyete a.

Nan kèk ka, desizyon lajistis te lakòz yo pèdi tè yo te deja achte a.

Kay yo kòmanse bati… men yo pa janm fini.

Nou te wè tou moun ki konfye konstriksyon kay yo bay yon fanmi oswa yon zanmi, san yon bidjè klè, san kontra solid, san kontwòl depans, epi san yon pwofesyonèl endepandan k ap siveye travay la.

Pafwa, lajan depanse depase tout sa yo te prevwa. Travay yo pran twòp tan, oswa kay la rete san fini.

Ou genyen yon Kay… men ou kite li ap depafini.

Gen anpil Ayisyen k’ap viv aletranje ki gen kay oswa lòt pwopriyete ann Ayiti, men ki pa jwenn yon moun oswa yon enstitisyon serye pou pran swen yo.

Konsa, gen kay ki rete san antretyen, reparasyon ki pa janm fèt, ak pwopriyete k’ap pèdi valè yo chak jou.

Twa reyalite sa yo fè nou vin gen yon konviksyon :

Envesti nan byen imobilye ann Ayiti pa ta dwe vle di mete ekonomi ou nan yon sitiyasyon kote ou pa konnen ki risk wap pran.

CAIMO : Twa solisyon pou edew pwoteje envestisman ou

CAIMO vle di Cabinet d'Accompagnement Immobilier et de Management des Opérations.

Nou kreye kabinè sa a pou akonpaye pwopriyetè ak envestisè nan diferan etap pwojè imobilye yo ann Ayiti.

Nou ofri twa gwo kategori sèvis.

1- Verifye anvan ou achte

Verifikasyon papye tè ak analiz risk yo

Anvan ou achte yon tè oswa yon kay, CAIMO ede kowòdone verifikasyon dokiman yo, rechèch nan administrasyon leta yo ak analiz ki nesesè pou idantifye risk ki kapab genyen sou pwopriyete a.

Lè sa nesesè, nou travay ak notè, avoka, apantè ak lòt pwofesyonèl ki gen otorizasyon legal pou sa, nou pa vin pou ranplase yo.

Objektif nou se edew pi byen konprann sa wap achte a, anvan ou angaje lajan ou.

2- Kenbe kontwòl sou konstriksyon ou

Sipèvizyon chantye ak jesyon operasyon konstriksyon

Menm lè w ap viv aletranje, ou bezwen konnen kijan travay sou kay ou ap avanse ak kijan lajan ou ap depanse.

CAIMO ede w swiv bidjè, depans, delè ak pwogrè travay yo, pandan pwofesyonèl kalifye fè kontwòl teknik ki nesesè yo.

Objektif nou se ede w pran desizyon sou baz enfòmasyon ki klè, rapò ki byen prepare ak depans ki gen jistifikasyon.

3-Pran swen byen ou genyen

Jesyon ak antretyen pwopriyete

Yon kay ou fin bati bezwen swen, menm lè ou pa la.

Kit kay ou lwe, kit li gen moun ladan l, kit li fèmen pandan yon tan, CAIMO kapab ede w suiv eta li, òganize antretyen li epi jere operasyon ou konfye nou yo.

Nou bay pwopriyetè yo rapò sou travay ki fèt, depans yo ak sitiyasyon byen yo, selon akò jesyon an.

Objektif nou se ede w kenbe je sou byen ou, menm lè ou byen lwen.

Fason nou travay : Konfyans dwe mache ak prèv.

Nou konnen kijan li difisil pou w jere yon pwojè oswa yon pwopriyete ann Ayiti pandan w ap viv aletranje.

Se poutèt sa nou chwazi bati sèvis nou yo sou kat prensip :

Transparans : Nou kominike enfòmasyon sou pwojè ou, depans yo ak difikilte ki genyen.

Responsablite : Chak moun dwe konnen sa li gen pou l fè epi rann kont sou travay li.

Konpetans : Nou itilize metòd travay ki klè epi nou kolabore ak pwofesyonèl kalifye.

Onètete : Nou bay enterè lejitim kliyan nou yo priyorite nan rekòmandasyon nou yo.

Misyon nou

Edew pran bon jan desizyon anvan ou achte, kenbe kontwòl pandan wap konstwi, epi pran swen patrimwàn ou pou li ka konsève valè li pandan lontan.

Kit ou ap viv ann Ayiti, Ozetazini, Kanada, Lafrans oswa nenpòt lòt kote, pwojè ou merite yon akonpayman serye e pwofesyonèl.

CAIMO: Byen ou ak envestisman ou, se angajman nou pou rann ou kont.

Verifye anvan ou achte.

Kontwole pandan wap konstwi.

Pwoteje byen ou apre ou fin envesti.

Ann pale sou pwojè imobilye ou ann Ayiti konya menm.

Kòlèg ayisyen ap egzamine dokiman ansanm nan yon biwo.
Travayè ap lis beton sou do yon sant kominotè nan Louseau.